Kreyòl ayisyen —

SOS vyolans konjigal se yon òganis ki ofri yon sèvis akèy ak referans gratis, bileng, anonim epi konfidansyèl. Se yon resous ki disponib 24 èdtan nan yon jounen, sèt jou nan yon semèn, ki bay aksè a sèvis enfòmasyon, sipò oubyen kote pou w dòmi , nenpòt kote ou ye nan Quebec. Sèvis sa yo disponib pou ou menm ak pou pitit ou.

Sèvis SOS vyolans konjigal yo aksesib pa telefòn, kouryèl oswa tchat. Nenpòt kilè, travayèz sosyal SOS vyolans la ka reponn ou an franse oswa nan lang angle, selon lang ki pi alèz pou ou, men kèk nan travayèz nou yo tou pale Panyòl, arab ak italyen. Si ou vle, nou ka chache jwenn yon moun ki ka kominike avèk ou nan lang natif natal ou tou.

Rele SOS vyolans konjigal pa angaje w nan okenn desizyon ki konsènen patnè ou la. Wòl nou se enfòme w epi sipòte w pou w ka fè pwòp chwa pa w pou pwochèn etap yo. Pa neglije kontakte nou, nou la pou ou !

Chat Services

By chat, we can offer you some time to discuss your situation, to be able to explore the resources that could be useful to you in the future. On average, we are available for about 30 minutes per exchange.

How it works?

Begin